AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

FIFA : Nèf abit ayisyen pare pou ofisye sou sèn entènasyonal la

imaj atik la

20 desanm 2025   Steve Pierre   950

Abitraj ayisyen an ap kontinye pran plas li nan foutbòl entènasyonal la. Pou nouvo lane k ap vini an, Komisyon Nasyonal Abit yo (CONA) valide nèf (9) ofisyèl ki pral pote drapo Ayiti a nan konpetisyon FIFA yo.


Pami abit santral ki sou lis la, nou jwenn Smeedly Saint-Jean, Patrick Sénécharles, Olivier Jean Philippe Alexandre ak Wilkerson Bonnet. Bò kote abit asistan yo, seleksyon an gen ladann Falone Dieurisma, Jean Marc Moreau, Bladimyr Cadely, Lanchka Elysée ak Loudjimy Honorable.

Chwa sa yo pa fèt o aza. Yo soti nan yon pwosesis evalyasyon ki baze sou kritè FIFA yo, kote konpetans teknik, metrize lwa jwèt la ak pèfòmans nan chanpyona nasyonal yo te analize ak anpil atansyon. Pou ofisyèl ki te deja gen badj entènasyonal la, travay yo nan konpetisyon karayibeyen ak kontinan an te konte anpil tou.

Nan kad preparasyon an, plizyè abit te pase nan pwogram RAP (Referees Assistance Program), yon inisyativ ki vize amelyore nivo abit yo atravè fòmasyon, obsèvasyon sou teren ak analiz desizyon yo pandan match. Pwogram sa a pèmèt CONA mezire regilarite ak kapasite ofisyèl yo nan sitiyasyon konpetitif.

Sou plan fizik, tout abit ki sou lis la te sibi gwo tès daprè nòm entènasyonal yo. Evalyasyon sa yo te fèt sou teren Henfrasa a nan Dèlma 33, kote yo teste andirans, vitès ak kapasite rekiperasyon yo. Anplis, egzamen medikal ak tès pou zye yo te fèt pou asire chak ofisyèl kapab fè fas ak egzijans foutbòl modèn lan.

Nan nouvo dispozisyon FIFA yo, abit ki fèk antre sou lis la klase nan "tier 1", pandan sa yo ki deja gen eksperyans sou plan entènasyonal klase nan "tier 2". Yo tout kalifye pou dirije match konpetisyon ant klèb nan rejyon an ak rankont eliminatwa pou Mondyal zòn CONCACAF la.

Fòk nou pa bliye tou pou lane 2025 lan, Ayiti te deja gen plizyè abit ak abit asistan ki t ap ofisye regilyèman nan konpetisyon karayibeyen yo, ni lakay gason ni lakay fi, sa ki te pèmèt koze abitraj ayisyen an ranfòse vizibilite li.

Avèk nouvo lis sa a, Ayiti kontinye make prezans li nan domèn abit entènasyonal la, pandan estrikti teknik yo ap travay sou kontinite ak amelyorasyon nivo ofisyèl yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou