AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU / Pleyòf: Santos FCF ak Izi Team valide tikè yo pou demifinal la

imaj atik la Kredi Foto: @Lipofu

9 mas 2026   Steve Pierre   869

Faz eliminatwa Opération Futsal 2026 la demare ak anpil fòs samdi 7 mas pase a nan Gymnasium Ayiti Cheri a. Nan de (2) match ki te gen anpil tansyon, Santos FCF ak Izi Team pase pou yo jwenn plas yo nan dènye kare nan sezon 2025-2026 la.


Nan premye gwo chòk la, ekip Santos FCF la montre anpil matirite devan Bwakayiman FC. Malgre detèminasyon jwè Bwakayiman yo, Santos FCF rive enpoze yon jwèt taktik ki pèmèt yo genyen match la sou yon eskò (4-1). Viktwa sa a voye yo dirèkteman nan demifinal kote y ap gen pou yo kwaze ak ekip Flambeau Academy an, yon match ki deja anonse l trè cho.

Nan dezyèm afich la, Izi Team konfime estati favori li devan Shelcy FC. Nan yon match kote espektak la te nan randevou, Izi Team rive domine advèsè l la (4-2). Shelcy FC te eseye tounen nan match la, men defans Izi Team nan te rete solid. Avèk rezilta sa a, Izi Team ap monte nan demifinal pou l al mezire l ak yon gwo moso ki se ADJ FC, chanpyon sezon regilye a.
Yon tablo demifinal ki bay dlo nan bouch.

Fanatik Futsal yo ap tann ak anpil enpasyans anons dat ofisyèl pou demifinal sa yo k ap fèt toujou nan Gymnasium Ayiti Cheri nan Delmas 75.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou