AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Ouanaminthe FC dezavwe deklarasyon antrenè li ak kèk jwè sou abit yo

imaj atik la

17 novanm 2026   Gamarck Antoine   809

Ouanaminthe Football Club (OFC) pran pozisyon l aprè deklarasyon antrenè ekip la ak kèk jwè te fè kont abit yo, aprè yon seri deklarasyon ki te sikile sou rezo sosyal yo. Nan yon kominike ofisyèl ki pibliye madi 17 novanm 2026 la, komite egzekitif klèb la fè konnen li pa dakò ak pawol sa yo, ki pa reflete pozisyon ofisyèl ni prensip enstitisyon an.


klèb la rekonèt gen kèk desizyon abit la pran ki kapab lakòz fristrasyon ak dezakò, li estime sa pa dwe retire obligasyon pou tout aktè respekte moun, règ ak enstitisyon ki ankadre foutbòl la. Pou direksyon OFC a, nenpòt kritik sou abitraj la dwe fèt nan limit respè ak etik espòtif.

Nan menm kominike a, klèb la reyafime atachman li ak prensip fair-play, respè youn pou lòt ak etik nan espò a. Li mete aksan tou sou enpòtans dyalòg ak enstans ki konsène yo pou amelyore kondisyon abitraj la epi kontribye nan devlopman foutbòl ayisyen an.

Komite egzekitif la pwofite raple tout moun ki fè pati enstitisyon an, kèlkeswa fonksyon yo, gen yon responsablite nan prezève imaj klèb la. Li ensiste sou lefèt pasyon ak lespri konpetisyon pa dwe janm pran plas respè, diyite ak responsabilite.

Ouanaminthe FC vle distenge pozisyon enstitisyon an ak deklarasyon pèsonèl kèk nan reprezantan li yo, pandan li reyafime angajman li anvè valè ki dwe sèvi kòm fondasyon foutbòl la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou