Yon bèl opòtinite louvri devan jèn defansè ayisyen an Alcime Arthur. Lateral dwat Real Hope Academy an resevwa yon envitasyon nan men Quevilly Rouen Métropole (QRM), yon klèb fransè, pou l al pase de semèn esè nan peyi Lafrans.
Se Real Hope Academy ki anonse sa, pandan estrikti foutbòl ayisyen an pa kache satisfaksyon li pou nouvo opòtinite sa ki prezante devan youn nan jèn jwè li yo.
Pandan de semèn sa yo, Alcime Arthur ap gen okazyon pou l montre kapasite li, fè prèv talan li epi fè yon premye eksperyans nan anviwònman foutbòl fransè a. Yon etap ki kapab gen anpil enpòtans nan devlopman karyè jèn lateral dwat la.
Nan anons sila, Real Hope Academy eksprime fyète li pou opòtinite sa epi swete jèn defansè a anpil siksè nan eksperyans li pral fè an Frans, li swete l mete kalite li an valè epi eseye konvenk responsab QRM yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou