Aprè yon ti poz kout, Koup LIPOFU retounen sou sèn nan pou kontinye ak 9èm edisyon li. Foutbòl nan sal la reprann tout souf li jodi mèkredi 18 jen 2025 lan.
Tout rankont yo ap jwe nan Gymnasium Ayiti Chéri, ki chita nan Delmas 75, kote atmosfè a pwomèt pou l chofe ak pasyon epi sipòtè ki pare pou mete anbyans.
2:15 pm – BASSC vs SANTOS
Premye demifinal la ap mete BASSC kont SANTOS Futsal Club. Tou de ekip sa yo ap vini ak anpil motivasyon pou konnen kiyès ki ap rive nan gran final la. SANTOS gen eksperyans, men BASSC pa fasil pou dekole.
3:30 pm – AFC DELMAS vs TLF
Nan dezyèm rankont lan, n ap gen AFC DELMAS ki ap fè fas ak TLF. Sa se yon match ki gen tout gou li: rivalite, teknik, ak estrateji. Chak ekip vle plas li nan final la, epi y ap mete tout fòs yo pou sa.
⚽ Yon sèl objektif: Al nan final la
Kat (4) ekip, de (2) tikè, yon sèl koup. Tout bagay ap jwe sou 40 minit batay ak kè. Èske se AFC oswa TLF ki ap pase? Èske BASSC ap mete SANTOS deyò oswa se SANTOS ki ap kontinye avanti a? Repons pita nan Gymnasium Ayiti Cheri Delmas 75.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou