AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Operasyon Futsal 2026 : LIPOFU pibliye kalandriye 4èm ak 5èm jounen yo

imaj atik la

19 desanm 2025   Steve Pierre   268

Direksyon Teknik Ligue Port-au-Princienne de Futsal (LIPOFU) anonse ofisyèlman pwogramasyon match ki pral jwe nan kad 4èm ak 5èm jounen sezon 2025-2026 la, sou etikèt "Operasyon Futsal 2026”. Rankont sa yo pwograme pou jodi vandredi 19 ak samdi 20 desanm 2025, nan Gymnasium Ayiti Cheri, nan komin Dèlma.


Pwogramasyon an gen ladann match nan kategori open maskilen ak feminen, kote plizyè ekip ap chèche konfime bon kòmansman yo oswa korije erè yo nan konpetisyon an.

Jodi vandredi 19 desanm 2025 lan, de (2) match ap dewoule nan jounen an nan de kategori diferan. Pou katego gason, 2è, yon match ki konte pou 5èm jounen, Santos FCF vs Shelcy FC. Epi a 3è, kategori medam yo,(4èm jounen) Shelcy FC kont Aigle Noir.

Pou samdi 20 desanm 2025 gen kat (4) rankont enpòtan pou anime jounen samdi a, kòmanse depi nan mitan jounen an :

1è | Open Maskilen (5èm jounen)
Flambeau AC vs IZI Team

2è15 | Open Maskilen (5èm jounen)
Bwakayiman FC vs ADJ FC

3è15 | Feminen (4èm jounen)
Bwakayiman FC vs Ruben Haiti

4è15 | Open Maskilen (5èm jounen)
AFC Delmas vs Bèl Efò FC

Tout match yo ap jwe nan aprèmidi, nan Gymnasium Ayiti Cheri, sèl lokal k ap resevwa rankont yo pou wikenn lan. Pwogramasyon sa a rasanble match ki sòti nan 4èm ak 5èm jounen konpetisyon an, pou kategori maskilen ak feminen, nan kad sezon 2025-2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou