Kredi Foto: @Violette AC
Violette Athletic Club pa t kite okenn dout sou siperyorite li devan Don Bosco. Nan kad twazyèm jounen chanpyona nasyonal D1 an, Vye Tig yo kraze Mechan Mechan yo (1-4), dimanch 15 novanm nan, nan Pak Sainte Thérèse. Yon viktwa ki bay plis pwa ak estatistik ki te mete klèb Pòtoprens lan nan pozisyon favori anvan rankont lan.
Anvan match la, antrenè Don Bosco a, Jean Chrysostome Junior Natoux, te deja lanse defi a. Aprè defèt ekip li a devan Juventus des Cayes, li te reponn « Nou pral konn sa dimanch » lè jounalis yo te kesyone l sou kapasite Violette pou yo konsidere kòm pi bon ekip an Ayiti ak nan Karayib la.
Sou tèren an, repons Vye Tig yo te byen klè. Maxime Jeanty te louvri eskò a nan 21èm minit, anvan Morisette Jean Simon te double avantaj la nan 33èm minit. Don Bosco te antre nan poz mitan an anba de (2) gòl.
Nan dezyèm peryòd la, kalvè klèb Petyonvil la pa t rete la. Stay Plaisimond te ajoute yon twazyèm gòl nan 58èm minit, pou mete Violette pi alèz. Rankont lan te ka vin difisil pou Vye Tig yo aprè Stevenson Germeille te pran katon wouj nan 60èm minit yo. Malgre sa, ekip la te kontinye kenbe avantaj li.
Bò kote Don Bosco, Morilus Élysée te resevwa yon katon wouj tou nan 86èm minit.
Sa pa t anpeche Mechan Mechan yo te rive redwi eskò a nan 85èm minit gras ak Jocking Auguste. Men, Kelly Clergé te mete dènye mo a, li kloure ekip Don Bosco a nan tan adisyonèl yo, nan 90+3, pou fikse rezilta final la (1-4).
Avèk viktwa sa, Violette konfime bon dinamik li epi li montre poukisa li rete youn nan ekip pou veye nan chanpyona a. Pou Don Bosco, bò kote pa l, sitiyasyon an vin pi konplike. Apre twa (3) jounen, Mechan Mechan yo toujou ap chèche premye viktwa yo, avèk yon bilan ki gen de (2) defèt ak yon match nil.
Natoux te anonse koulè a anvan match la. Men, fwa sa a, se Violette ki te ekri dènye fraz la sou tèren an, ak kat (4) gòl pou selebre viktwa li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou