Cheval wouj leyogàn lan AS Cavaly anonse ofisyèlman yo chanje antrenè.
Nan yon kominike yo rann piblik jodi a, klèb AS Cavaly a anonse yon nouvo antrenè nan tèt ekip yo a.
Yves Oréus ki te mennen ekip yogann lan pandan dezyèm edisyon chanpyona nasyonal la, pa nan tèt ekip la ankò. Dirijan cheval wouj yo ranplase l pa David Clenord.
David Clenord se non nouvo antrenè ki pral mennen ekip AS Cavaly a pou sezon 2025-2026 la..
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou