Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Klèb kayen an America des Cayes prezante Ernst Clergé ak Alphonse Jephté François kòm nouvo jwè yo. Ernst Clergé fè retou li nan ekip la aprè li te fon ti kout pye nan Real Hope FA. Ernst Clergé se youn nan bon atakan ki gen yon sans gòl. Jwè a pral rekòmanse pote mayo America des Cayes la aprè l te sot pran yon ti souf nan ekip Real Hope FA a
Yon lòt bò direksyon klèb kayen an anonse defansè polivalan Alphonse Jephté François vini nan ekip la. Jwè sila a li menm tou te konn pote koulè mayo ekip la nan tan pase yo menm jan ak Ernst Clergé.
De jwè sa yo pral pote eksperyans yo ak konpreyansyon yo de jwèt la anndan ekip America FC a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou