Kredi Foto: @Ouanaminthe FC
Chanpyona nasyonal la sou twazyèm jounen l depi balon an ap woule nan diferan pak nan peyi a. OFC sou bò pa l poko konnen gou viktwa aprè 3 match sa yo
Pou premye sòti yo nan chanpyona nasyonal la Ouanaminthe FC te jwe fas AS Capoise, yo te antann yo epi pataje pwen an aprè 90 minit yo. Yo te fè 0-0 nan match sa.
Pou dezyèm sòti yo Kapitèn yo ki se ti non jwèt ekip OFC a te bite ankò sou bèl kolòn Senmak yo (Tempête FC) 1-1 nan kad dezyèm jounen Ligue Haïtienne Football la. Atakan yo a Kedjon Colas se jwè ki te make pou yo nan match sa.
Pou twazyèm rankont yo nan chanpyona a, kapitèn yo toujou poko ka konnen gou viktwa ni gou defèt. Yo fè yon lòt match nil (0-0) fas Rinsewòs yo. Pou 3 jounen sa yo, pwoteje Roudy Joseph yo fè sèlman 3 pwen sou 9 posib.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou