AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Baltimore SC : Fyète Senmak, yon lejann nan foutbòl ayisyen an

imaj atik la Kredi Foto: @Facebook Baltimore SC

1e dawout 2026   Junior Neuvième   1757

Depi 1e dawout 1974, Baltimore Sportif Club ap ekri youn nan pi bèl chapit nan listwa foutbòl ayisyen an. Klèb la, ki sòti nan vil Senmak, resevwa match li yo nan Parc Levelt epi li rekonèt atravè peyi a pou koulè wouj ak nwa li yo ak lespri konbatan li.


Baltimore SC, se youn nan klèb ki make premye divizyon an ak 4 tit chanpyon nasyonal (2005, 2006, 2007, 2011), yon Koup Dayiti ak plizyè lòt twofe. Pi gwo sezon istorik li rete 2006, lè ekip la reyalize yon double pandan l te ranpòte chanpyona a ak Koup dayiti menm lane a.

Youn nan pi gwo karakteristik Baltimore se gwo rivalite li ak Tempête FC, yon derby Senmak ki toujou rasanble pasyon, emosyon ak gwo foul sipòtè. Chak rankont ant de ekip sa yo se yon evènman espesyal nan foutbòl ayisyen an.

Jodi a, Baltimore SC kontinye rete yon referans nan lig ayisyèn lan. Klèb la ap goumen pou rete nan elit foutbòl la epi kontinye fòme nouvo talan pandan l ap pote fyète vil Senmak ak tout sipòtè li yo.

Baltimore SC ki ap fete 52 lane egzistans, reprezante plis pase yon klèb, li se yon senbòl fyète, tradisyon ak pasyon pou foutbòl ayisyen an ki ap degringole.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou