Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Premye pati chanpyona nasyonal la te rive nan bout li. Tout je deja fikse sou dezyèm faz la ki pral demare jodi 11 janvye 2025 lan. Aprè 43 match ki te jwe pandan premye faz la, estatistik yo bay yon bon lide sou nivo konpetisyon an ak efikasite atakan yo.
Sou plan ofensif, chanpyona a te pwodiktif : 76 gòl te make pa 47 bitè diferan, sa ki bay yon mwayèn 1.61 gòl pa match. Chif sa yo montre gen yon bon balanse ant ekip yo, ak plizyè jwè ki rive kontribye nan fè diferans pou klèb yo. Menm si pou anpil obsèvatè chanpyona a manke bon jan avannsant k ap mete balon nan filè.
Pou klasman bitè yo, nan tèt lis la, Ceus Claudson (Racing FC) pran devan ak 5 gòl, li konfime enpòtans li nan sistèm ekip li a. Dèyè l, nou jwenn Joseph Jr. Peterson (Cosmopolites SC) ak Leconte Armstrong (Baltimore SC) ki yo chak make 4 gòl.
Aprèsa yon pakèt jwè vin swiv yo ak 3 gòl yo chak:
• Mervens Stamar (Baltimore SC)
• Dorante Onelson (Juventus FC)
• Dorimain Yves Adlain (Cavaly AS)
• Jean Carlo (Ouanaminthe FC)
•Pierre Miralex (Don Bosco FC)
• Philistin Fredelin (AS Capoise)
Nan lis la toujou, Joseph Wutsen (Cavaly AS) ak Minoche Widjoly (Ouanaminthe FC) yo chak la gen 2 gòl, yo rete nan kous la pou amelyore bilan yo nan dezyèm faz la.
Avèk dezyèm pati chanpyona a k ap kòmanse jodi a, batay pou tit pi bon bitè a rete byen ouvè. Tout kesyon an se konnen kiyès ki pral kenbe rit lan, kiyès ki pral monte an fòs, epi kiyès ki pral pwofite nouvo faz la pou make plis gòl. Rès chanpyona a pwomèt anpil.
*Foto nou itilize a se pou Marco Photo
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou