AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Defi lojistik ak administratif yo toujou rete pi gwo defi klèb ayisyen ki kalifye pou konpetisyon entènasyonal yo

imaj atik la

29 jiyè 2026   Gamarck Antoine   1690

Nan tout peyi kote foutbòl ap grandi, kalifye pou yon konpetisyon entènasyonal se rekonpans yon sezon travay, disiplin ak sakrifis. Men pou klèb ayisyen yo, kalifikasyon an pa toujou garanti patisipasyon. Souvan, pi gwo batay la pa jwe sou teren an, men nan ayewopò, nan anbasad ak devan obstak lojistik yo.


Depi plizyè lane, Klèb ak Seleksyon peyi a ap peye konsekans yon kriz ki depase kad espò a. Pwoblèm viza, mank vòl entènasyonal, depans deplasman ki ogmante ak ensekirite k ap frape peyi a vin tounen baryè ki anpeche klèb yo jwi dwa yo te genyen sou teren an.

Ka AS Cavaly rete youn nan egzanp, nan lane 2022, Aprè li te kalifye pou CONCACAF Champions League la ki se pi gwo Konpetisyon pou klèb nan rejyon an, klèb la pa t rive patisipe akoz pwoblèm viza. Yon rèv ki te bati sou tèren an men ki te kraze anvan premye kout siflè pou match yo.

Plizyè lane aprè, istwa a kontinye repete. Nan CONCACAF Caribbean Cup la, Juventus FC des Cayes te rive nan konpetisyon an ak yon delegasyon ki pa t konplè akoz gwo difikilte transpò. Plizyè jwè pa t rive jwenn ekip la alè, sa ki te fòse klèb la antre sou teren an ak yon gwoup ki te redwi anpil, san menm yon gadyen natirèl. Yon sitiyasyon ki montre aklè jan pwoblèm lojistik yo kapab enfliyanse rezilta yon match anvan li menm kòmanse.

Jodi a, Baltimore SC ap viv yon lòt reyalite ki sanble anpil. Klèb la pa t rive fè deplasman pou konpetisyon entènasyonal la akòz gwo difikilte lojistik ak transpò ayeryen. Avèk kantite vòl ki vin limite sou Ayiti ak konpleksite pou òganize deplasman yon delegasyon espòtif, yon lòt fwa ankò, yon ekip ayisyen pa patisipe nan yon Konpetisyon entènasyonal pou rezon ki pa gen okenn rapò ak sa li te montre sou teren an.

Pwoblèm nan ale pi lwen pase deplasman sèlman. Depi plizyè lane, Ayiti pa kapab òganize match ofisyèl entènasyonal sou tè pa li. Ensekirite a ak kondisyon enfrastrikti yo pa pèmèt peyi a satisfè tout egzijans òganizasyon entènasyonal yo. Sa vle di klèb yo pèdi avantaj jwe devan piblik pa yo, pèdi revni ki ta antre ak match yo, epi oblije depanse plis pou lwe teren ak òganize deplasman aletranje. Yon chay finansye ki vin ajoute sou tout lòt difikilte yo.

Lè yon klèb ayisyen kalifye pou yon konpetisyon entènasyonal, li pa reprezante sèlman vil oswa kominote l, li reprezante tout Ayiti. Se poutèt sa, sipò pou klèb sa yo pa ta dwe rete sèlman sou zepòl federasyon an. Leta dwe konsidere patisipasyon entènasyonal yo kòm yon kesyon enterè nasyonal, atravè sipò lojistik, fasilitasyon pwosesis viza yo, dyalòg ak patnè entènasyonal yo pou fasilite deplasman delegasyon yo, epi envesti seryezman nan sekirite ak enfrastrikti espòtif pou Ayiti kapab resevwa match entènasyonal lakay li ankò.

Foutbòl ayisyen an pa manke talan. Li pa manke detèminasyon nonplis. Men, toutotan klèb yo kontinye pèdi batay yo nan ayewopò olye yo pèdi yo sou teren an, devlopman foutbòl la ap kontinye pran reta.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou