Kredi Foto: @Tempête FC
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Tempête FC fè dezyèm viktwa l sou 3 match ak ansyen entènasyonal ayisyen an Charles Herold Jr nan tèt li. Bèl Kolòn yo bat Ouanaminthe FC 1-0 nan 3èm jounen LHF la.
Nan kad twazyèm jounen chanpyona nasyonal la, Tempête FC te gen randevou pou twoke kòn li ak Ouanaminthe FC. Match sila a fini ak yon eskò 1-0, se Bèl Kolòn yo ki ale ak viktwa a. Tempête FC sòti ak viktwa sa gras ak Wisnaden Augustin ki te make gòl la nan 72èm minit.
Viktwa sa vini kòm 2 viktwa ekip sa a nan dezyèm pati chanpyona a aprè 3 match. Ansyen jwè klèb la kounya ki ap mennen bato klèb la, Charles Herold Jr ap byen kòmanse chapit li a nan tèt ekip la.
Sou 3 match yo jwe yo, yo fè 2 viktwa ak yon defèt. Bèl Kolòn yo gen 6 pwen nan klasman gwoup Nò a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou