AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Don Bosco kont Violette AC : malgre defi Natoux a, chif yo mete Vye Tig la kòm favori

imaj atik la Kredi Foto: @Don Bosco de Pétionville

15 novanm 2026   Steve Pierre   1108

Malgre defi Jean Chrysostome Junior Natoux lanse a anvan gwo randevou dimanch sa, chif yo pa bay anpil rezon pou mete Violette Athletic Club sou menm nivo ak Don Bosco nan moman an. Sou papye, Vye Tig la gen plis agiman pou l abòde konfwontasyon sa ak etikèt favori, menm si foutbòl pa toujou respekte lojik estatistik yo.


Nan kad twazyèm jounen chanpyona nasyonal D1 sezon 2026-2027 la, Don Bosco ap resevwa Violette AC jodi dimanch 15 novanm nan, a 5è nan aprèmidi, nan Pak Sainte Thérèse. Se yon rankont ki prezante de (2) ekip yo ak reyalite byen diferan. Pandan Mechan Mechan yo poko jwenn premye viktwa yo, Violette deja kòmanse sezon an ak yon viktwa (0-3) sou Juventus des Cayes.

Bilan Don Bosco a aprè de (2) premye jounen yo pa twò ankourajan. Aprè yon match nil (2-2) kont Racing Club Haïtien, ekip Petyonvil la te pèdi (1-3) devan ekip Juventus des Cayes la. Avèk senk (5) gòl li deja pran nan de (2) rankont, defans lan parèt kòm youn nan pi gwo pwoblèm ekip la dwe rezoud anvan li fè fas ak chanpyon sezon pase a.

Yon lòt bò, Violette AC ap vini ak yon seri chif ki pale an favè li. Sou 12 dènye match li jwe nan chanpyona nasyonal la, Vye Tig la fè yon sèl defèt, se kont Don Bosco menm, nan yon rankont ekip Petyonvil la te genyen (1-0), 29 avril pase a, sou yon gòl Douby Chéry te make nan 82èm minit. Si nou elaji peryòd la sou 23 dènye rankont li yo nan D1, Violette konte sèlman de (2) defèt, lòt la kont América nan dat 8 mas 2026 la.

Istwa dènye konfwontasyon yo bay menm tandans lan. Nan kat (4) rankont ekip yo te jwe sezon pase a, Violette te ranpòte de (2) viktwa, te fè yon match nil, pandan Don Bosco te genyen yon sèl fwa. Anplis, sou nèf (9) dènye fasafas yo, sèl viktwa Mechan Mechan yo rive jwenn se rezilta (1-0) yo te fè nan mwa avril la.

Atak Vye Tig la se yon lòt eleman ki kapab fè diferans. Klèb ble e blan an deja make 48 gòl pandan lane 2026 la, tout konpetisyon melanje. Se yon chif ki montre kapasite ekip la genyen pou l mete advèsè li yo an difikilte.

Malgre tout estatistik sa yo, Junior Natoux pa sanble entimide. Aprè defèt kont Juventus la, lè jounalis Ken-Rick Fernando Junior te mande l sa fanatik yo kapab atann devan ekip yo konsidere kòm pi bon fòmasyon an Ayiti ak nan Karayib la, antrenè Don Bosco a te reponn san ezitasyon : « Nou pral konn sa dimanch. »

Yon repons ki mete plis epis nan yon rankont ki te deja gen anpil enterè. Natoux konnen Violette gen bon chif dèyè l, men li gen yon listwa tou ak Don Bosco, kote li deja ranpòte twa (3) tit chanpyon nasyonal an 2014, 2015 ak 2018. Anplis, klèb la fè konnen li rekrite 16 nouvo jwè pou sezon sa a, nan objektif pou ranfòse ekip la.

Sou papye, avantaj la klèman nan kan Violette AC. Men, deklarasyon Natoux a montre Don Bosco pa gen entansyon antre nan match sa kòm yon viktim. Pita la, nan 5è aprèmidi, sou gazon Pak Sainte Thérèse la, Vye Tig la ap gen pou defann estati li, pandan Mechan Mechan yo ap chèche fè estatistik yo bay manti epi jwenn premye viktwa yo sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou