AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Gen yon gwo dyèl a distans nan 6èm jounen chanpyona nasyonal la nan gwoup Nò a.

imaj atik la

20 desanm 2025   Benswilkenson Jean   734

Gwo dyèl a distans ki genyen nan 6èm jounen gwoup nò a se match Racing FC fas Baltimore SC a ak match Ouanaminthe FC fas Cosmopolite SC a. Rezilta match sa yo kapab chanje klasman an.


Klasman chanpyona nasyonal la nan rejyon nò a enteresan anpil pou 6èm jounen an. Prèske tout klèb yo pral chache fè viktwa pou eseye chanje bagay yo.

Sòti depi nan premye plas la ki pou kounya anba kontwòl Racing FC jou k rive nan 6èm plas la ki nan men Cosmopolite SC, anyen poko fin di. Nenpòt ekip kapab pèdi plas yo.

Pami ekip plas yo pi frajil se ekip Racing FC a ak premye plas la. Racing gen menm kantite pwen (9), menm diferans gòl (+2) ak Ouanaminthe FC. Dyèl 6èm jounen an kapab gen gwo enpak sou plas premye a ak dezyèm lan.

Racing FC gen pou bat pou Ouanaminthe pa fè plis gòl pase l. Malgre yo ap jwe nan menm jou (21 desanm) ak nan menm lè (3è). Si Ouanaminte bat Cosmopolite ak plis gòl si Racing ta bat Baltimore, Ouanaminthe ap pran tèt klasman an.

Match sa se yon veritab dyèl a distans ant 2 ekip yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou