Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan rankont ki konte pou dezyèm jounen pleyòf chanpyona nasyonal la, Juventus des Cayes te akeyi vye Tig yo nan fyèf li pou tante pran yon twa pwen. Malerezman pou yo, klèb Solo a ki te jwe yon bèl foutbòl nan fason yo te konn deplase moun ak balon sezon pase, pa rive fè viktwa pou dezyèm sòti yo ki fini sou yon nil (0-0) nan Land des Gabions.
Nan rankont ki konte pou dezyèm jounen pleyòf chanpyona nasyonal la, Juventus des Cayes te akeyi vye Tig yo nan fyèf li pou tante pran yon twa pwen. Malerezman pou yo, klèb Solo a ki te jwe yon bèl foutbòl nan fason yo te konn deplase moun ak balon sezon pase, pa rive fè viktwa pou dezyèm sòti yo ki fini sou yon nil (0-0) nan Land des Gabions.
Match sa kote klèb kapital la te opoze kont ekip 3èm vil peyi a, t ap jwe yon fason ki montre nivo feblès klèb gran Sid la genyen pou sezon sa. Si nan chanpyona espesyal la ti mesye solo yo te depoze balon atè pou fè l pale, sezon sa bagay yo konplètman diferan. Sou plizyè faz nan rankont sa, nou rive konstate se plis sou long bal jwè yo te apiye. Pafwa, 2 oubyen 3 pas ki fèt la, se souvan bò kote defansè yo, aprè se pimpe devan.
Akoz mank sa ki genyen nan konstwi jwèt la, atakan 2 ekip yo pa vrèman jwenn balon. Lè ekip yo twouve yo nan sitiyasyon sa, faz match yo souvan chanje. Mank sa ki genyen vin mete ekip yo nan yon pozisyon ki oblije yo apiye sou yon rankont fizik paske tou 2 pa t gen lòt chwa ki se defann.
Avèk sistèm pike devan sa, milye tèren Violette AC ak pa Juventus yo ki se veritab oganizatè a, vin pakab òganize jwèt la. Kounya pou evite pran gòl, defansè yo ak gadyen an te chwazi jete balon olye yo lache pou milye yo a chak fwa yo fè apèl la.
Malgre tout sa, Jerry Anis k ap evolye anndan tèren vye Tig yo, te rive fè diferans lan pandan rankont sa. Fason li te ede ekip la defann a chak fwa ti mesye solo yo te vle poze pwoblèm swa atè oubyen nan boul anlè yo, fè l soti meyè jwè rakont lan.
Avèk pwen nil sa, Juventus des Cayes ki t ap resevwa konte 2 pwen pandan Violette AC okipe premye plas gwoup Sid la ak 4 pwen apre 2 jounen nan Pleyòf la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou