AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Kilè chanpyona kategori fanm nan ap louvri nan peyi a?

imaj atik la Kredi Foto: @Ouanaminthe FC

03 dawou 2026   Benswilkenson Jean   1316

Nan kategori foutbòl fanm, seleksyon nasyonal la toujou nan gwo demele pou ta jwenn jwè lokal ki pou al defann koulè gran seleksyon an


Depi anviwon 5 lane, gran seleksyon fanm Ayiti a pa janm gen yon jwè k ap jwe nan peyi a ladan l, tout jwèz yo se toujou nan peyi etranje yo ap evolye. Gwo rezon ki koz gwo dekalaj sa a se paske pa gen foutbòl fanm nan peyi a. Se sèlman kèk akademi nou ka kontwole sou dwèt ki toujou ap fè kèk medam nan peyi a woule balon. Poutan meyè jwez ayisyèn nan zafè foutbòl la se gras ak foutbòl lokal ki te bay li (Corventina Durmonay ansyèn jwez AS Tigresse) kounya ki ap evolye nan peyi Lafrans nan youn nan pi gwo klèb fanm nan mond lan, OL Lyonnes.

Pandan chanpyona nasyonal la ap chache ti wout limyè lespwa pou ta rekanpe yon ti kras pi djanm, foutbòl medam yo toujou nan fènwa. Anyen konkrè poko di pou yo. Daprè kèk enfòmasyon ki ap sikile, gen posiblite pou li ta reprann nan mwa septanm 2026 la.

San pou otan poko gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki sòti bò kote Federation Haitienne Football pou konnen vrèman si dat sa ap kenbe.

Li parèt klè seleksyon fanm lan ap manke yon bagay si chanpyona nasyonal pou medam yo pa louvri. N ap raple majorite jwwz ki briye anndan seleksyon an se te jwez lokal yo te ye.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou