AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF : Faz final seri ouvèti a ap demare demen

imaj atik la

10 janvye 2026   Steve Pierre   813

Premye faz chanpyona nasyonal premye divizyon an rive ofisyèlman nan bout li jou ki te 4 janvye 2026. Aprè yon premye etap ki te anime ak anpil rivalite nan tou de (2) gwoup yo, Lig Ayisyèn Foutbòl la (LHF) lanse kounye a faz final seri ouvèti a, pati ki pi estratejik nan konpetisyon an.


Faz final sa a mete ansanm uit (8) ekip, ki soti nan gwoup Nò ak gwoup Sid. Chak gwoup pral jwe yon mini-chanpyona ale/retou, kote chak ekip ap chèche fini an tèt klasman an. Objektif la klè : premye ekip nan chak gwoup pral kalifye pou gwo final la, ki ap jwe ale ak retou. Ekip ki ranpòte final la pral chanpyon seri ouvèti a ak yon prim 2 500 000 goud, pandan vis-chanpyon an ap resevwa 1 500 000 goud.

Faz final la ap demare dimanch 11 janvye 2026, ak kat (4) afich nan tou de (2) gwoup yo :

• Ouanaminthe FC vs Racing FC
• Baltimore SC vs AS Capoise
• Cavaly AS vs Violette AC
• FC Juventus vs Racing CH

Avèk dezyèm faz la k ap demare demen an, presyon an monte sou tout ekip yo. Chak pwen konte, chak erè ka koute chè, epi se sèlman ekip ki pi solid, taktikman ak mantalman, ki pral rive nan final seri a.

Faz final sa a pwomèt anpil espektak, emosyon ak entansite, pou detèmine ki ekip ki pral make listwa chanpyona ayisyen an nan seri ouvèti 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou