AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF : Tempête FC plonje pi fon nan kriz la

imaj atik la

16 desanm 2025   Steve Pierre   1200

Depi retou chanpyona nasyonal premye divizyon an, Tempête FC ap travèse youn nan pi move moman li yo nan gwoup Nò a. An senk (5) match jwe, ekip Senmak la poko konn gou viktwa : de (2) match nil ak twa (3) defèt youn dèyè lòt.


Jou ki te 7 desanm 2025 lan, Tempête FC tonbe (2-1) fas a Cosmopolites SC. Defèt sa a te twòp pou Jackson Jean, ki te deside depoze lèt demisyon menm jou an kòm antrenè prensipal ekip la. Se te yon desizyon ki te soulinye difikilte teknik ak mantal ekip la ap rankontre depi kòmansman faz sa a nan chanpyona a.

Depi demisyon Jackson Jean, Tempête FC poko anonse okenn nouvo antrenè. Se estaf teknik la ki pran responsabilite pou dirije ekip la tanporèman. Malerezman, chanjman sa a poko pote okenn amelyorasyon sou plan rezilta yo.

11 desanm pase a, Tempête FC te pran yon lòt defèt ankò, fwa sa a kont Baltimore SC, (2-0) nan debi a. Epi, ayè lendi 15 desanm nan, ekip la kontinye ak move rezilta yo lè li pèdi ankò, kont Ouanaminthe FC (1-0), nan yon match ki konfime malèz la.

Avèk senk match san viktwa, Tempête FC ap plonje pi fon chak jou nan klasman an, pandan enkyetid la ap ogmante lakay fanatik yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou