AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Ligue Haïtienne Football la prezante yon nouvo twofe

imaj atik la

12 mas 2026   Benswilkenson Jean   1201

Ligue Haïtienne Football la anonse yon nouvo twofe ki se twofe pi bon jwè match. Twofe sila ap kòmanse distribiye apati wikenn k ap vini an.


Òganizatè chanpyona nasyonal la ki se Ligue Haïtienne Football, prezante yon nouvo twofe nan kad kanpay yo pou renove foutbòl lokal la. Twofe sila se twofe "MVP Match" yo ki pral kòmanse bay apati wikenn k ap vini la a.

Malgre foutbòl la pa enfòmatize yon fason pou ta konnen estatistik jwè yo pandan match yo, men sa pa anpeche LHF la pran desizyon pou bay twofe sa a aprè chak match. Malgre desizyon sa potko pran pandan kòmansman dezyèm pati chanpyona a men LHF la fè konnen yo pral chwazi ganyan match pase yo pou yo ba yo twofe a tou.

Apati wikenn k ap vini la a twofe sa ap disponib nan chak tèren yo, pou bay jwè yo estime ki fè plis enpak nan match yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )