AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Natoux lanse defi a : « Nou pral konn si se Violette ki pi bon klèb Ayiti a dimanch »

imaj atik la

13 Novanm 2026   Steve Pierre   1859

Chrysostome Junior Natoux ki tounen sou ban Don Bosco a poko bay rezilta espòtif anpil moun t ap tann yo. Aprè de (2) premye jounen chanpyona nasyonal pou sezon 2026-2027 la, ekip Petyonvil la poko konnen okenn viktwa. Men, sa pa anpeche teknisyen an montre konfyans li nan jwè li yo epi voye yon mesaj dirèk bay Violette Athletic Club anvan gwo randevou dimanch lan.


Apre defèt (1-3) Don Bosco te sibi devan Juventus des Cayes mèkredi 11 novanm nan, Natoux te gen pou l reponn kesyon sou pwochen advèsè ekip li a. Se jounalis Ken-Rick Fernando Junior, nan Dynamique Info Sport, ki te poze l kesyon an nan entèvyou aprè rankont lan.

« Pwochen match la, Violette! Pwobableman se pi bon ekip nan Karayib la, pi bon ekip an Ayiti. Kisa fanatik yo ka atann? » se kesyon sa jounalis la te poze l.

Repons Natoux a pa t pran anpil tan pou l tonbe, epi li te gen tout aparans yon defi. « Nou pral konn sa dimanch », se sa antrenè a te reponn.

Yon deklarasyon ki mete koulè pou gwo afich ki pral dewoule dimanch 15 novanm nan, a 4:30 nan aprèmidi, sou gazon Pak Sent Terèz la, kote Don Bosco ap resevwa Violette AC nan kad twazyèm jounen chanpyona a.

Men, dèyè konfyans sa a gen yon Don Bosco ki poko rive jwenn bon rit li. Nan premye jounen an, Mechan Mechan yo te rache yon match nil (2-2) kont Racing Club Haïtien, aprè yo te fin mennen (2-0) sou yo. Nan dezyèm sòti yo a, yo te tonbe (1-3) devan Juventus des Cayes. Kidonk, aprè de (2) rankont, bilan an se yon match nil ak yon defèt, san okenn viktwa.

Se yon sitiyasyon ki mete plis presyon sou Natoux, sitou lè nou konsidere atant ki genyen bò kote sipòtè yo. Pou twazyèm pasaj li nan tèt ekip la, teknisyen an retounen ak yon repitasyon ki chita sou twa (3) tit chanpyon nasyonal li te ranpòte ak Don Bosco an 2014, 2015 ak 2018. Yon pase konsa fè sipòtè yo espere wè ekip la retounen nan nivo ki te fè l respekte nan foutbòl ayisyen an.

Pou sezon sa, daprè deklarasyon Madam Obas, Don Bosco rekrite 16 nouvo jwè pou ranfòse efektif li a. Se yon mouvman ki montre anbis­yon klèb la, men premye rezilta yo poko tradwi efò sa yo sou tèren an.

Anfas, Violette ap rive nan konfwontasyon sa ak yon lòt dinamik. Vye Tig yo te ranpòte tou de (2) seri chanpyona nasyonal la pandan sezon pase a. Pou nouvo sezon an, li te kòmanse ak yon viktwa (0-3) sou Juventus des Cayes anvan li pa t jwe nan dezyèm jounen an.

Se poutèt sa, deklarasyon Natoux a pa yon ti fraz ki pase konsa. Li mete yon gwo defi devan yon ekip Violette ki deja gen yon estati pou defann, pandan Don Bosco ap chèche premye viktwa li pou sezon an.

Dimanch, se sou tèren an tout deklarasyon sa yo pral jwenn repons yo. Èske Natoux ak 16 nouvo sòlda li yo ap rive bay Violette yon premye gwo avètisman, oswa èske klèb Pòtoprens lan ap fè konprann poukisa se li menm ki te domine foutbòl nasyonal la sezon pase a?

Yon bagay sèten, Natoux deja lanse defi a. Kounye a, se jwè yo ki gen pou pale ak pye yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou