AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Racing FC ap travèse yon move moman avèk deja yon seri plizyè match san viktwa

imaj atik la Kredi Foto: @Racing FC des Gonaïves

20 Avril 2026   Jacky Chéry   663

Racing FC Gonayiv ap konnen yon peryòd difisil nan chanpyona nasyonal lan kote ekip la rive nan senk match youn aprè lòt san li pa ranpòte okenn viktwa. Dènye siksè gonayivyen yo remonte nan mwa mas, kote yo te bat FC Ouanaminthe FC (1-0) nan yon match sere, men enpòtan.


Depi viktwa sa, rezilta yo pa ankourajan ditou pou “Lyon tè sale yo”. Nan senk dènye rankont yo, Racing FC anrejistre 2 defèt ak 3 match nil.

Jòn e ble yo te pèdi (0-2) kont Baltimore SC, aprè sa li te bese tèt li (0-1) devan FICA. Nan lòt match yo, Racing FC fè match nil (1-1) kont AS Capoise, (0-0) kont Baltimore SC, epi (0-0) devan Tempête FC.

Nan faz Pleyòf yo, sitiyasyon an vin pi konplike pou klèb la ki toujou poko rive jwenn okenn viktwa aprè 3 premye jounen yo. Rezilta sa yo mete ekip la nan yon pozisyon difisil pandan konpetisyon an ap vanse.

N ap raple, Racing FC Gonayiv te koupe fache avèk atakan vedèt yo an, Claudeson Stanley Céus ki te fini meyè jwè ak meyè bitè seri ouvèti an. Yon separasyon ki gen gwo konsekans sou ekip lan ki pa rive fè rezilta, avèk prensipalman yon gwo feblès devan kan an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou