Kredi Foto: @SYNAFH
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Sendika Nasyonal Abit Foutbòl Ayiti yo (SYNAFH) nan yon kominike yo denonse dirijan plizyè klèb nan Senmak ki pa vle ba yo antre nan pak Antoine Levelt la pou antrene lè se ekip sa yo ki ap resevwa match
Selon kominike SYNAFH lan, yon seri klèb tankou Baltimore SC, Tempête FC ak Cosmopolite SC entèdi yo antre nan Pak Antoine Levelt pou antrene jan yo konn abitye fè l. Daprè nòt la, sitiyasyon sa rive plizyè fwa deja e yo pote CONA plent pou yo men anyen pa fèt.
Direksyon SYNAFH la ap fè tout moun konnen selon sa l di nan nòt la, tèren espòtif sila a se yon espas piblik pou tout aktè ki fè pati jwèt foutbòl la. Yo fè konnen okenn ekip pa gen dwa entèdi abit yo ak espas la.
Nan menm objektif sa, SYNAFH lanse yon pinga bay tout ekip ki ta vle entèdi yo aksè ak enfrastrikti ki anba kontwòl FHF yo, e yo menm fè konnen yo kapab moblize pou pa abitre okenn rankont ekip ki ta fè aksyon sa yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou