AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Stamar Mervens montre dominasyon pa vle di genyen nan dèbi senmakwa a

imaj atik la

14 desanm 2025   Neuvième Junior   238

Pou kontinye avanse ak faz preliminè a nan chanpyona nasyonal D1 ayisyen an nan zòn nò, responsab Ligue haïtienne Football lan te planifye chòk anreta ant 2 bouwo senmakwa yo Tempête FC e Baltimore ki te gen pou jwe 100èm dèbi yo, yon match ki fini an favè Flamengo e nwa yo (2-0) sou tèren Parc Levelt Saint-Marc lan. Viktwa sa vini gras ak yon bon Stamar Mervens ki te sòti sou ban.

Nan moman rankont sa t ap jwe a, nou kapab remake, klèb Tempête la te twouve li nan yon dimansyon ki te fè ekip Baltimore doute. Paske, nan fason klèb Bèl kolonn lan te antame match la, te montre a klè se yo menm ki vin pou poze pwoblèm nan fason yo te mete pye sou balon an e anpeche klèb 4×4 la jwe pandan yo te eseye pote danje nan kan Baltimore.

Men malgre tout tantativ sa yo bò kote ble e blan yo, li pa t janm fasil pou yo pase sou lateral goch Baltimore a. Nan ka sa, pou pote danje a, ekip Tempête FC a te oblije itilize bò dwat la epi eseye pwofite pase anndan tèren an gras ak batay la yo te genyen.

Men kòm yo souvan di nan lavi domine se pa genyen, ebyen antrenè Baltimore a te pral rale yon zèl kat sou ban, pou montre Tempête FC kay la gen mèt. Gras ak talan Stamar Mervens ki te antre ban dezyèm peryòd la, 4×4 yo te rive jwenn bout Bèl kolonn yo nan fason li te pwovoke defans advès la e benefisye yon penalite. E nan fen match la menm Stamar sa al tiye espwa yo aprè yon bèl kont atak byen òganize ekip la te mennen pou bat (2-0) nan dèbi senmakwa a.

Aprè viktwa sa, demen dimanch lan Baltimore gen randevou ak Real Hope FA alòske Tempête FC ap deplase pou al jwe kont Ouanaminthe FC. Match sa yo ap jwe nan kad rankont anreta 3èm jounen Ligue haïtienne Football la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou