AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Vye kòk kapwa yo bon sou FICA nan youn nan dèbi zòn nò a pou sezon an

imaj atik la Kredi Foto: @AS CAPOISE

15 novanm 2026   Benswilkenson Jean   1066

Jodi dimanch 15 novanm 2026 la AS Capoise te gen randevou pou al fè kèk kout zepon nan pak Felix Saint Victor a nan kad twazyèm jounen chanpyona nasyonal la.


Nan okazyon sa a vye kòk kapwa yo te netwaye zepon yo byen netwaye epi yo te kòmanse batay la nan lè 3è aprè midi. Anba kan, Wadnel Glaxemus te ranje ponyèt li pou fè balon fè payèt.

Malgre nan kòmansman match la Fyè Kolonb yo te domine vye kòk la men nan fen premye mitan an, kòk la ta pral fè premye gwo bèk li gras ak Markidens Tanis nan 45èm minit. Nan dezyèm mitan an, Michel Bassista ta pral dekontwole kolonb yo nèt ak yon kout pat bò tèt ki ta pral fè Vye Kòk yo fè premye viktwa yo pou sezon an.

Dèbi zòn nò an ant AS Capoise ak FICA vire nan avantaj Vye kòk kapwa yo ki bat 2-0.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou