AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Èske w te konnen Donald Guerrier prete Federasyon Ayisyèn Foutbòl la kòb deja?

imaj atik la

13 janvye 2026   Benswilkenson Jean   663

Nan yon entèvyou ansyen jwè ayisyen an Donald Guerrier bay ak jounalis Guy Wewe li fè konnen li prete federasyon an anviwon 120 mil dola deja pou seleksyon fanm lan.


Donald Guerrier pote koulè mayo seleksyon nasyonal la 59 fwa deja nan karyè li. Nan yon epòk natif Pòtapiman an te youn nan bra poto mitan seleksyon nasyonal bò kote mesye yo.

Piblik ayisyèn lan ta pral vrèman dekouvri Wilde Donald Guerrier se nan lane 2013 nan match amikal Ayiti t ap jwe kont seleksyon espanyòl la. Yon seleksyon espanyòl nan epòk la ki te konpoze ak pi bon jwè nan mond lan nan epòk la (Xavi Hernandes, Sergio Ramos, Gerard Piqué, Iniesta, Cesc Fabregas, Casillas ak anpil lòt gran jwè). Espay te mennen 2-0 nan premye mitan an, men Donald Guerrier ta pral sove lonè Ayiti ak yon gòk nan 75èm minit match la. Match sa te fini 2-1 men tout moun te kenbe nan tèt yo gwo match sa Ayiti te jwe kont seleksyon espanyòl ki te apèn chanpyon Dimond nan epòk la. Se match sa ki te mete limyè sou Donald Guerrier ki fè piblik ayisyen an vin dekouvri kalite foutbolè a.

Depi lè sa a Wilde Donald Guerrier vin tounen youn nan pyès metrès seleksyon Ayisyèn lan. Men Grenadye a selon deklarasyon l pa t sèlman sipòte seleksyon ayisyèn lan teknikman men li te sipòte federasyon an finansyèman selon deklarasyon l.

Daprè jwè a li te prete FHF la yon kòb ki evalye nan tarif 120 mil dola. Nan epòk la li di federasyon an te nan nesesite yo t ap mande èd pou ede seleksyon nasyonal fanm lan vwayaje. Jwè a ki te deja gen yon lajan prim nan men federasyon an fè konnen ant kòb sa li te prete federasyon an ak kòb prim lan evalye a 120 mil dola.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou