AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Antrenè Etazini an siyen kòm nouvo antrenè Manchester United

imaj atik la

14 novanm 2026   Benswilkenson Jean   1718

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap pare l pou afwonte peyi Etazini nan kadefinal Ligue des Nations CONCACAF la.


Grenadye yo ap demare match kont seleksyon peyi Etazini an nan kadefinal Ligue des Nations CONCACAF yo jodi a nan lè 4è. Kèk jou aprè antrenè ajanten an Mauricio Pochetino fin mete lis li deyò, li kite ekip la li siyen nan yon klèb nan peyi Angletè.

Ansyen antrenè Tottenham lan pran tèt ekip ameriken an depi 10 septanm 2024. Britsoukou pandan ameriken yo nan konsekrasyon pou prepare match kadefinal Ligue des Nations kont Grenadye yo, Mauricio Pochetino siyen ofisyèlman kòm nouvo antrenè Manchester United.

Pou kounye a antrenè ajanten an ap dirije sèlman 2 match Etazini ap gen pou jwe kont Grenadye yo anvan li vwayaje pou peyi Angletè kote li pral pran tèt Reds Devils yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou