Seleksyon nasyonal ayisyèn U20 a pare pou yon nouvo defi. Raúl González Triana ki ap dirije seleksyon an ofisyèlman anonse lis 21 jwè ki pral reprezante Ayiti nan Chanpyona CONCACAF U20 2026 la. Yon konpetisyon ki pral dewoule nan peyi Meksik e ki gen gwo enpòtans pou avni jenerasyon sa a.
Se yon konpetisyon ki ap bay tikè pou Koup Dimond FIFA U20 2027 ak Jwèt Olenmpik Los Angeles 2028 yo. Se poutèt sa, chak match ap gen yon enpòtans kapital pou Grenadye yo.
Lis 21 Grenadye yo pati konsa :
Gadyen
Carlos Bré (Real Hope FA), Guivenson Jean-Philippe (Racing FC), Clifford Géné (Mount Pleasant)
Defansè yo se : Arthur Alcimé (Real Hope FA), Stanley Volcin (AS Capoise), Marckidens Tanis (AS Capoise), Dieuvens Resil (Mount Pleasant) ,Mikenlove Jean Jules (Violette AC), Medinel Zamor (SLG Académie),
Mitan tèren teren: Miguel Joseph (Mount Pleasant), Josué Anglade (AS Capoise), Ramy Fabilus (Real Hope FA), John Peter Charles (Real Hope FA)
Atakan yo se : Elikenson Jean (Real Hope FA), Clavens Exantus (Violette AC), Franco Celestin (Mount Pleasant), Emerson Laissé (Mount Pleasant), Dabens Jacquet (Aigle Noir AC), Nikolai Pierre (Orlando City), Kervens Romulus (Racing CH), Armstrong Leconte (Baltimore SC)
Ayiti pral fè premye sòti li nan konpetisyon an samdi k ap vini an kont Etazini, nan vil Puebla. Yon rankont ki deja parèt kòm youn nan pi gwo tès pou Grenadye yo nan faz gwoup la.
Objektif la pa lòt : fè yon bon kanpay, rive pi lwen posib nan tounwa a, epi valide youn nan plas ki mennen swa nan Mondyal U20 2027 la, swa nan Jwèt Olenmpik Los Angeles 2028 yo. Se yon nouvo opòtinite pou jenerasyon sa montre valè li epi kontinye fè drapo ayisyen an flote byen wo sou sèn entènasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou