Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
San pran tan aprè fen premye faz eliminatwa mondyal fanm Brezil 2027 lan, CONCACAF ofisyalize jodi dimanch lan rankont k ap genyen pou chanpyona fanm nan k ap tou sèvi kòm faz final eliminatwa yo.
Medam Grenadye yo ki te fini premye nan gwoup yo te ye avèk Repiblik dominikèn lan, pral gen pou kwaze Meksik ki te domine Pòtoriko nan dènye match yo te jwe pandan premye faz lan.
Nan yon fòma CONCACAF apèn vini avè l, 6 ekip ki te fini premye nan premye faz lan plis Etazini ak Kanada, pral jwe antre yo pou kapab detèmine peyi ki pral gen pou reprezante zòn lan nan Mondyal fanm 2027 lan ak tout jwèt olenmpik 2028 yo.
Pou Mondyal fanm 2027 lan, CONCACAF lan gen posiblite pou bay jiska 6 kalifye, menm jan sa te ye an 2023. Nan fòma sa, 4 ekip k ap pèdi yo nan tounwa a pral kapab jwe antre yo kote 2 ekip k ap genyen yo ap jwenn plas pou baraj entèkontinantal k ap gen pou fèt nan yon dat ki poko fikse.
N ap note, Etazini ap gen pou jwe kont Salvadò, Kanada pral kwaze Panama, Jamayik ap jwe fas Kostarika epi Grenadye nou yo pral kwaze Meksikèn yo.
Nan kad fòma sa ki fèt sou baz klasman FIFA, premye nan zòn lan ap jwe kont 8èm lan, 2èm lan fas 7èm lan jis rive nan yon opozisyon 4èm kont 5èm. Tounwa sa ap gen pou fèt nan mwa novanm k ap vini la kote medam Grenadye yo pral gen pou fas ak listwa avèk kòm objektif retounen nan Mondyal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou