AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

De ansyen grenadye pran tèt seleksyon nasyonal maskilen U14 la

imaj atik la

24 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   1386

Federasyon ayisyèn foutbòl anonse nominasyon 2 ansyen jwè seleksyon nasyonal la nan tèt jèn seleksyon U14 gason an.


Ansyen kapitèn seleksyon nasyonal la Jean Marc Alexandre nonmen ofisyèlman kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal maskilen mwens 14 lane yo. FHF lan anonse nominasyon sa a nan yon kominike sou paj facebook yo.

Ansyen Grenadye a pral gen pou travay ansanm ak Charles Herold Jr ansyen mitan tèren seleksyon nasyonal la kòm antrenè adjwen. Malgre Jean Marc Alexandre poko gen eksperyans kòm antrenè men se li menm ki pral chita sou ban jèn seleksyon ayisyèn lan.

Pandan yon lòt bò Charles Herold Jr ki deja pran eksperyans sou ban touch nan tèt ekip Tempête FC a se li ki pral jwe wòl nimewo 2.

Jèn seleksyon U14 yo pral gen pou reprezante peyi a nan CFU Chalenge Serie U14 la nan Sendomeng nan dat 14 pou rive 23 dawout 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou