Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Seleksyon nasyonal ayisyèn U-17 lan k ap gen pou jwe kòmansman mwa fevriye an eliminatwa CONCACAF pou Mondyal U-17 2026 lan genyen kòm antrenè Kovsky Saint-Vil. Federasyon an ofisyalize nouvèl lan ayè lendi 12 janvye an.
Nan yon kominike piblik, Federasyon ayisyèn foutbòl anonse ofisyèlman ansyen antrenè ASC an pral gen pou dirije seleksyon nasyonal U-17 gason an nan peyi Gwatemala k ap resevwa gwoup C an.
Aprè Eddy César ak Bruny Pierre Richard fin pèdi pòs yo nan tèt ekip lan, Federasyon an pral mize sou eksperyans Kovsky Saint-Vil pou mennen ti Grenadye yo yon lòt fwa ankò nan Mondyal.
N ap raple, ekip ayisyèn lan deja rasanble depi semèn pase nan kapital lan kote y ap antrene sou tèren Parc Sainte-Claire lan nan Tiplas Kazo.
Nan kalandriye ofisyèl lan, ti Grenadye yo ap gen pou jwe nan gwoup C an kont Gwatemala, Grenad epi Antigwa ak Babouda.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou