AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Gold Cup 2025 : Men tout senaryo ki dwe pase pou Ayiti kalifye, pi enpòtan an se yon viktwa kont Etazini

imaj atik la

20 jen 2025   Steve Pierre   1144

Nan Gold Cup 2025 la, Ayiti jwe deja de match san viktwa. Malgre sa, Grenadye toujou gen yon ti chans pou yo kalifye pou kadefinal la. Men, menmsi yo ta bat Etazini, sa p ap ase. Sò seleksyon an depann tou de rezilta lòt match ki pral jwe an menm tan an.


Ayiti te kòmanse konpetisyon an ak yon defèt (1-0) kont Arabisawoudit, epi aprè sa, li te fè yon match nil (1-1) ak Trinidad. Avèk sèlman 1 pwen sou 6 posib, Seleksyon an klase twazyèm nan gwoup li a. Etazini, li menm, deja asire kalifikasyon li aprè 2 bèl viktwa : (5-0) kont Trinidad, epi (1-0) kont Arabisawoudit. Li deja gen 6 pwen epi li nan tèt gwoup la.

Dènye match gwoup la ap mete Ayiti fas ak Etazini, pandan Trinidad va jwe kont Arabisawoudit. Grenadye yo pa gen dwa fè erè. Yo dwe bat Etazini, epi espwa pou Trinidad ak Arabi pa genyen – sèlman yon egalite ant de ekip sa yo ka mete Ayiti nan kadefinal la, sa se yon premye senaryo.

Si Ayiti ta bat USA, epi Arabi bat Trinidad, seleksyon an pa nan batay. Paske sa ap fè ekip azyatik la 6 pwen.

Men, si Trinidad ta bat Arabi Sawoudit, li pral monte a 4 pwen, si Ayiti bat tou l ap gen 4 tou. Men tout bagay la pral jwe sou diferans. Paske diferans gòl trinidadyen yo move anpil, yo fè yon gòl epi yo pran 6. Kidonk dezyèm senaryo a, si Trinidad bat li pa dwe fè yon gwo eskò, sinon l ap konplike tach la pou Nazon ak koyekipye l yo.

Si sa ta rive konsa, Ayiti ta fini ak 4 pwen, Arabi Sawoudit tou ta gen 4, men se gòl diferans k ap ka fè diferans lan. Ayiti oblije bat 2 gòl deka paske nan moman an yo gen yon diferans (-1) epi Arabi (0).

Se yon sitiyasyon ki pa fasil ditou. Bat Etazini, ki poko pran okenn gòl nan tounwa a, se yon defi. Menm si Ayiti ta rive fè sa, se pa ase. Fòk match ki gen pou l jwe ant Trinidad ak Arabi a fini san genyen, se pi bon senaryo a.

Samdi 22 jen ap jou verite a. Ayiti ap jwe kont Etazini nan AT&T Stadium nan, pandan Trinidad ap fè fas ak Arabisawoudit. Grenadye yo gen yon ti limyè espwa, men sò yo pa depann sèlman de pye pa yo, men tou de rezilta lòt moun. Kalifikasyon an pa nan men yo, men si tout pyès domino yo tonbe jan yo swete, Ayiti kapab fè pati de 8 dènye yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou