AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Gold Cup 2025: Mondy Prunier gaspiye yon okazyon pou te relanse seleksyon nasyonal la

imaj atik la

19 jen 2025   Steve Pierre   846

Seleksyon nasyonal Ayiti a te gen yon lòt opòtinite pou l mete tèt li sou bon ray nan Gold Cup 2025 la, men li pa rive pwofite l. Nan dezyèm match li nan konpetisyon an, Grenadye yo te fè match nil (1-1) ak Trinidad & Tobago, nan vil Houston.


Nan premye pati match la, Ayiti te mete pye sou balon an epi li te domine jwèt la nèt. Men, ekip la pa t ka mete Trinidad nan gwo difikilte. Jwèt la te rete ouvè jouk nan 39èm minit kote defansè Jean Kévin Duverne te pran yon katon wouj apre li te fè yon fot sou yon atakan trinidadyen ki t ap kouri pou l ale fas a fas ak gadyen an. Desizyon sa te mete Grenadye yo nan dezavantaj kote pou tout rès match la yo ta pral jwe 10 kont 11.

3 minit apre, antrenè Ayiti a te oblije fè yon chanjman taktik : Nazon kite plas li pou Metusala te kapab rantre epi balanse defans lan. Premye mitan an fini sou yon eskò (0-0).

Depi kòmansman dezyèm mitan an, Ayiti pa t pè malgre dezavantaj la. Epi se nan 49èm minit ansyen atakan Maccabi Haïfa a, Frantzdy Pierrot, te mete balon an nan filè sou yon pas Deedson Louicius pou l louvri eskò a. Ayiti mennen (1-0)

Apre gòl la, Trinidad te mete plis presyon sou Ayiti. Yo te kontwole mitan tèren an, frape boul sou poto, mete defans ayisyèn lan anba bon jan menas. Finalman, nan 68èm minit, yo te egalize sou yon aksyon kote Kevin Molino te voye yon sant sou tèt Justin Garcia ki pa t rate okazyon an.

Ayiti te gen yon opòtinite an lò pou l repran avantaj la lè Wilguens Paugain te jwenn yon penalti. Men, Mondy Prunier ki te tire l pa t mete presizyon: balon an ale deyò. Se konsa, match la fini (1-1)

Apre defèt kont Arabi Saoudit 1-0 nan premye jounen an, Grenadye yo gen sèlman 1 pwen sou 6 posib. Yo pral jwe kont USA nan dènye match faz gwoup la, se yon misyon ki sanble trè difisil.

Seleksyon an gen lespwa, men li pa gen rezilta. Dènye match la kont USA ap deside si ekip la ap rete vivan oswa si se valiz li l ap fè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou