Eliminasyon seleksyon ayisyèn lan nan faz kadefinal Ligue des Nations CONCACAF yo pa mete fen nan rèv Grenadye yo pou patisipe nan Gold Cup 2027 la. Malgre defèt yo devan Etazini sou total de (2) match yo (8-0), Ayiti toujou gen yon lòt opòtinite pou jwenn tikè li. Seleksyon an pral oblije pase nan faz baraj ki prevwa pou mwa mas 2027 la, kote li pral bezwen ranpòte yon doub konfwontasyon pou valide kalifikasyon li.
Grenadye yo pa t rive reyalize misyon yo nan Ligue des Nations CONCACAF la. Aprè gwo defèt yo te sibi nan match ale a (0-6), seleksyon ayisyèn nan te gen pou l fè yon pi bon pèfòmans nan match retou a, madi 17 novanm nan, nan TQL Stadium, nan Cincinnati. Men, Etazini te genyen rankont lan ankò, fwa sa a sou yon eskò (2-0), gras ak reyalizasyon Christian Pulisic epi Julian Hall.
Avèk de (2) defèt sa yo, Ayiti pèdi plas li nan kat (4) ekip ki pral kontinye konpetisyon an nan faz final Ligue des Nations an. Sepandan, fòk nou presize eliminasyon sa pa vle di seleksyon an elimine nan kous pou Gold Cup la. Okontrè, li ouvri yon lòt chimen pou Grenadye yo, atravè faz eliminatwa espesyal CONCACAF mete sou pye pou detèmine dènye ekip ki pral patisipe nan konpetisyon an.
Kijan Ayiti kapab kalifye pou Gold Cup 2027 la?
Dapre fòma CONCACAF la te pibliye 24 dawout 2026 pase a, kat seleksyon ki pèdi nan kadefinal Ligue des Nations an ap jwenn plas yo otomatikman nan faz preliminè Gold Cup 2027 la. Se nan kategori sa Ayiti tonbe aprè eliminasyon li devan Etazini.
An total, 14 seleksyon ap patisipe nan faz preliminè sa, ki prevwa pou mwa mas 2027 la. Pami yo, gen kat (4) ekip ki pèdi nan kadefinal Lig A a, kat ekip ki fini nan twazyèm ak katriyèm plas nan de gwoup Lig A yo, de pi bon ekip ki fini dezyèm nan Lig B a, ansanm ak kat seleksyon ki pral soti nan faz baraj Lig A ak Lig C a.
Sa vle di Ayiti deja gen plas li nan konpetisyon 14 ekip sa. Li pa bezwen tann okenn lòt rezilta pou konnen si l ap patisipe nan faz preliminè a.
Sèt match pou detèmine sèt dènye kalifye yo
Nan faz preliminè a, 14 seleksyon yo pral divize an sèt pè pou jwe sèt konfwontasyon ale-retou. Chak ekip ap gen pou l jwe de rankont kont advèsè li, epi se rezilta total de match yo k ap detèmine kiyès ki kalifye.
Pou etabli sèt afich sa yo, responsab yo ap sèvi ak klasman li pibliye 16 novanm 2026 la. 14 seleksyon yo ap klase soti nan premye rive nan katòzyèm pozisyon. Premye ekip nan klasman an ap rankontre katòzyèm nan, dezyèm nan ap jwe kont trèzyèm nan, twazyèm nan ap fè fas ak douzyèm nan, epi menm lojik la ap kontinye pou lòt rankont yo.
Ekip ki pi byen klase yo ap jwenn ekip ki pi ba yo nan klasman an. Seleksyon ki gen pi bon pozisyon nan klasman an ap resevwa match retou a lakay li.
Pou Ayiti, pozisyon li nan klasman CONCACAF la pral enpòtan anpil, paske li kapab enfliyanse nivo difikilte advèsè li pral jwenn nan faz sa a.
Yon viktwa obligatwa pou Grenadye yo
Objektif la klè pou seleksyon ayisyèn nan. Li dwe sòti vak viktwa a nan doub konfwontasyon li pral jwe nan mwa mas 2027 la. Si Grenadye yo rive elimine advèsè yo a sou total de match yo, y ap jwenn youn nan sèt dènye tikè ki disponib pou Gold Cup 2027 la.
Nan lòt sans, eliminasyon devan Etazini an retire posiblite pou Ayiti kalifye dirèkteman atravè kadefinal Ligue des Nations an, men li pa retire chans peyi a pou l patisipe nan pi gwo konpetisyon seleksyon nasyonal nan zòn CONCACAF la.
Gold Cup 2027 la ap dewoule sòti 17 jen pou rive 11 jiyè 2027. Pou Ayiti, wout la vin pi long, men objektif la rete menm jan an se jwenn plas li nan mitan 16 seleksyon ki pral patisipe nan konpetisyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou