AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Grenadye U-17 yo kòmanse debake nan lakou Kostarika pou eliminatwa CONCACAF lan

imaj atik la Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)

11 Mas 2026   Jacky Chery   539

Nan kad preparasyon pou dènye faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal U-17 fanm k ap fèt Mawòk 2026 lan, seleksyon nasyonal ayisyèn lan kòmanse rasanbleman nan peyi Kostarika kote tounwa sa ap gen pou jwe.


Nan yon kominike ofisyèl Federasyon ayisyèn foutbòl pibliye jodi mèkredi 11 mas lan, Frenoy Baptiste ki se antrenè ekip lan deja gen a dispozisyon l 13 jwez ki sòti Etazini ak Kanada. Rès efektif lan ap rive pita daprè responsab yo.

Premye gwoup sa ki rive Kostarika an 2 tan kòmanse preparasyon yo avèk yon premye seyans ki te vize fasilite pou yo rekipere. Selil kominikasyon FHF lan anonse travay entansif yo sou tèren ap gen pou kòmanse jodi mèkredi an menm.

Daprè responsab FHF yo, medam Grenadye yo ap gen pou jwe yon match amikal fas peyi òganizatè an, Kostarika, 14 mas k ap vini la nan lide pou idantifye tout dènye detay yo avan premye match konpetisyon an fas Pòtoriko 17 mas.

Ayiti nan menm gwoup avèk Pòtoriko, Etazini epi Bèmid. N ap raple, règleman konpetisyon an prevwa premye nan chak gwoup yo ap kalifye pou Mondyal U-17 fanm 2026 lan plis ekip k ap fini pi bon dezyèm lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )