Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Seleksyon nasyonal U14 gason Ayiti a antre nan dènye liy dwat preparasyon li pou CFU Challenge Series la, yon konpetisyon rejyonal ki pral dewoule nan Punta Cana, an Repiblik Dominikèn, sòti 16 pou rive 23 dawout.
Aprè premye faz preparasyon an nan Pòtoprens, ekip la enstale nan Wanament, nan depatman Nòdès, kote estaf teknik la ap finalize travay li ak 18 jwè ki te seleksyone yo sou lis final la. Sesyon sa yo ap pèmèt antrenè yo fè dènye ajisteman taktik ak fizik yo anvan depa delegasyon an.
Konpetisyon an pral ofri jèn Grenadye yo yon premye opòtinite pou mezire pwogrè yo sou sèn rejyonal la pandan y ap kontinye devlope eksperyans entènasyonal yo.
Ayiti ap evolye nan gwoup B e li gen twa rankont pwograme nan faz gwoup la. Premye match la ap fèt 17 dawout kont Giyàn Fransè. Yon jou aprè, Ayiti pral fè fas ak Trinidad & Tobago, anvan li boukle premye faz la ak yon rankont kont Pòtoriko 19 dawout.
Kalandriye Ayiti a nan faz gwoup la :
• 17 dawout, 9:30 AM : Giyàn Fransè vs Ayiti
• 18 dawout, 12:00 PM : Ayiti vs Trinidad & Tobago
• 19 dawout, 1:30 PM : Pòtoriko vs Ayiti
CFU Challenge Series la se youn nan konpetisyon ki pèmèt federasyon yo bay jèn jwè yo plis tan jwèt nan nivo entènasyonal epi prepare pwochen jenerasyon seleksyon nasyonal yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou