AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Gwo difikilte pou peyi ki sòti Karayib la nan premye jounen Gold Cup 2025 la

imaj atik la

Gwo difikilte pou peyi ki sòti Karayib la nan premye jounen Gold Cup 2025 la   Steve Pierre   772

Premye jounen faz gwoup Gold Cup 2025 la pa t fasil pou peyi ki sòti nan Karayib la. Nan 7 ekip ki reprezante rejyon an, 6 pèdi, sèl Kiraso ki fè yon match nil. Èske dezyèm jounen an ap pi bon pou yo, espesyalman ak plizyè konfwontasyon ant peyi frè ak sè nan Karayib la?


Gwo kouri pou peyi Karayib la. Premye jounen faz gwoup Gold Cup 2025 la te bay move rezilta sèlman pou reprezantan zòn Karayib la. Nan 7 ekip ki patisipe, 6 pèdi, epi youn sèlman fè yon match nil. Se rezilta ki mete aksan sou difikilte rejyon an ap genyen pou fè pwa nan konpetisyon CONCACAF la.

Men kijan tout ekip yo te jwe :

Malgre Repiblik Dominikèn te mete anpil presyon sou Meksik men li pèdi (2-3). Trinidad ak Tobago li menm te tonbe fas ak Etazini (0-5). Ayiti te tonbe (0-1) kont Arabi Sawoudit. Sirinam sou bò pa l pèdi (3-4 ) kont Kostarika nan yon match ki te gen anpil gòl. Mesye Gwadloup yo menm pa t ka kenbe tèt ak Panama ki bat yo (5-2). Jamayik sibi yon sipriz kont Gwatemala, li pèdi (0-1). Epi Kiraso se sèl ekip ki pa pèdi, ki pa genyen tou, li fè (0-0) ak El Salvador.


Pandan dezyèm jounen an, konfwontasyon ant ekip Karayib yo menm ap mete plis sans sou fyète ak rivalite rejyonal an. Men de (2) match ki deja mete dife sou papye :

• Ayiti vs Trinidad & Tobago, nan Gwoup D, 19 jen
• Jamayik vs Gwadloup, nan Gwoup C, 20 jen

Match sa yo ap enpòtan pou rebat kat la, men tou pou wè kiyès ki gen plis fòs nan mitan frè Karayib yo.

Aprè yon premye jounen difisil, ekip Karayib ki sòti nan Karayib la dwe reyaji pou pa fini Gold Cup la sou move nòt. Èske rivalite rejyonal yo ap motive yo bay plis? Randevou pou dezyèm jounen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou