AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Jèn Grenadye yo gen yon match gason pa kanpe fas Salvadò

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

29 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   1511

Seleksyon nasyonal mwens 20 lane a ap patisipe nan konpetisyon Championship U20 CONCACAF la. Grenadye yo rete yon sèl match pou yo jwe pou chache kalifikasyon yo pou pwochen faz konpetisyon an.


Aprè 2 match nan Under-20 Championship CONCACAF la, jèn seleksyon nasyonal ayisyèn lan rete peyi Salvadò sou wout li kòm advèsè. Nan 2 premye match yo, jèn Grenadye yo sòti ak yon defèt 3-0 fas Etazini epi yon viktwa 3-2 fas Kiba.

Pou dènye match yo nan gwoup la Ayiti ap kwaze ak Salvadò. Nan klasman konpetisyon an jèn Grenadye yo plase 3èm ak 3 pwen nan do Kiba ki gen 3 pwen tou men ak yon diferans plis 2 gòl.

Kanta pou Salvadò li plase nan dènye plas la ak 0 pwen. Ayiti ap kontre ak Salvadò pandan Kiba li menm ap kontre ak Etazini. Jèn grenadye yo dwe fè yon viktwa nenpòt jan oubyen yon match nil pandan yo ap espere Kiba ta pèdi devan Etazini. Si Kiba ta fè match nil, Grenadye yo ap nan obligasyon pou bat Salvadò nenpòt jan pou yo ka pa elimine.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou