Kredi Foto: @Les Rouleurs FC
Jèn atakan Ronelson Pelé Janvier, k ap evolye nan akademi Les Rouleurs FC, fè pati gwoup jwè ki seleksyone pou reprezante Ayiti nan CFU Challenge Series U-14 la, yon konpetisyon ki pral dewoule an Repiblik Dominikèn soti 16 pou rive 23 dawout 2026.
Nan yon kominike pou laprès ki sòti jodi dimanch lan, Les Rouleurs FC fè konnen li resevwa nouvèl la avèk anpil satisfaksyon epi salye seleksyon atakan li an, epi konsidere sa kòm yon rekonesans pou travay, disiplin ak pwogrè jwè a montre pandan fòmasyon li nan akademi an.
Daprè enfòmasyon ki sòti nan kominike a, Ronelson Pelé Janvier se youn nan 14 jwè k ap evolye an Ayiti ki seleksyone avèk ekip U-14 la pou tounwa CFU Challenge Series lan. Lis final la gen 18 jwè, ladan yo 14 ki sòti nan klèb ayisyen ak 4 lòt k ap evolye nan akademi ki sòti aletranje.
Les Rouleurs FC estime prezans youn nan jwè li yo nan ekip nasyonal la reflete efò akademi an ap fè pou devlope jèn talan yo epi prepare yo pou foutbòl wo nivo an ak lòt eksperyans entènasyonal.
Klèb la pwofite okazyon an pou felisite Ronelson Pelé Janvier epi swete li anpil siksè pandan li pral reprezante Grenadye yo nan CFU Challenge Series U-14 la.
CFU Challenge Series U-14 la se youn nan konpetisyon ki sèvi kòm vitrin pou jèn foutbolè nan Karayib la, pandan federasyon yo kontinye idantifye ak devlope pwochen jenerasyon jwè ki kapab entegre seleksyon nasyonal yo nan lane k ap vini yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou