AYITI   PremyeDivizyon   DezyemDivizyon   SeleksyonNasyonal   Ekspatriye   Lòt  
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Seleksyon nasyonal la pran yon kalòt marasa nan men Etazini

imaj atik la Kredi Foto: @FHF

14 novanm 2026   Benswilkenson Jean   1231

Seleksyon nasyonal la jwe premye match li nan kad kadefinal League des Nations CONCACAF la fas ameriken yo. Ayiti pèdi 6-0.


Grenadye yo pran yon souflèt kole nan men blan ameriken nan kad premye sòti yo nan kadefinal League des Nations CONCACAF la. Seleksyon nasyonal la te resevwa premye manch konfwontasyon sila a nan Nu Stadium lan nan vil Miyami.

Seleksyon nasyonal la ak Badia wè 7 koulè lakansyèl ak yon kantite 6 gòl san menm sove lonè. Dènye fwa grenadye yo te pèdi 6-0 sa gen 22 lane se te kont Brezil nan dat 18 dawout 2004.

Sòti depi lane 2010 jiska jounen jodi a eskò sa se twazyèm pi gwo eskò Ayiti pran nan foutbòl. Match sa a te gen plizyè fay taktik bò kote antrenè espanyòl la ki fè eskò sa a pa twòp yon sipriz.

Toutfwa Grenadye yo rete dezyèm manch konfwontasyon sa a nan dat 17 novanm ki ap vini la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou