Ayè Jedi a, seleksyon nasyonal la te jwe dezyèm match li nan kad match Gold Cup 2025 lan. Fas Trinidad, grenadye yo konnen yon match nil (1-1) ki kapab fatal pou yo nan dènye jounen an.
Ayè Jedi a, seleksyon nasyonal la te jwe dezyèm match li nan kad match Gold Cup 2025 lan. Fas Trinidad, grenadye yo konnen yon match nil (1-1) ki kapab fatal pou yo nan dènye jounen an.
Aprè yo te fin fè yon defèt nan premye match la, Wilguens Paugain ak koyekipye li yo pa t gendwa fè okenn erè. Poutan, sa rive ekip ayisyèn lan ki te jwenn plizyè okazyon pou fè diferans lan men yo pa t pwofite eksplwate yo.
Pami jwè ki te pote sipò pou ede seleksyon an, Wilguens Raphael Polynice Paugain ki fèt yon 24 dawout 2001 e k ap jwe kòm foutbolè pwofesyonèl nan plas lateral dwat te monte nan match la nan dezyèm peryòd pou ranplase Arcus Carlens.
Avèk monte jwè sa, pèfomans lan te parèt timid nan premye minit li nan rankont lan, afòs li ap jwe, jwè 24 lane a te pran fòs li e konprann se yon peyi lap defann. Nan fason sa, Wilguens te konprann fòk li monte pou eseye pote danje nan kan Trinidad jis li rive jwenn yon penalite pandan li t ap eseye fè yon pèse. Malerezman, Mondy Prunier te voye balon an sou tèt kan pou fè travay jwè klèb Zulte Waregem lan parèt anven.
Malgre sa, defansè lateral dwat la te kontinye defann koulè seleksyon an pou anpeche ekip la tonbe e sove grenn pwen sa ki fè yo gen 30% chans pou ta kalifye. Wilguens Paugain jwe 20 minit, li touche 13 balon, li bay yon pas kle pou 4 balon pèdi. Li benefisye yon penalite e genyen 4 dyèl atè sou 4.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou