Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan kad preparasyon pou dènye faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal U-17 fanm nan, seleksyon nasyonal ayisyèn lan tonbe nan match amikal (3-1) fas Kostarika k ap resevwa konpetisyon an.
Avèk yon efektif ki poko konplè, seleksyon ayisyèn lan jwe match sa ki t ap pèmèt antrenè a, Frenoy Baptiste, fè dènye reglaj yo avan konpetisyon an k ap kòmanse nan 4 jou ankò.
Fas Kostarika, medam Grenadye yo tonbe ayè vandredi a nan match sa ki jwe sou yon tèren nan yon konplèks espòtif nan San José. Jiska moman redaksyon atik sa, nou pa anmezi pou n konnen jwez ki fè gòl Ayiti an.
Seleksyon ayisyèn lan ap rantre nan kompetisyon an madi 17 mas k ap vini la fas Pòtoriko, avan pou l jwe youn aprè lòt kont Etazini ak Bèmid 19 ak 22 mas. Grenadye yo ki te briye nan premye faz lan pral jwe konpetisyon an avèk pou objektif pran youn nan 4 plas kalifikatif yo.
N ap raple, seleksyon nasyonal ayisyèn lan genyen jiskaprezan 15 jwez nan peyi Kostarika, annatandan rès jwez yo rive pandan wikenn lan ki gen ladan l 5 jwez k ap sòti Ayiti.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou