CAFCANCAFChampionsLeagueLòt
AKÈY CAF CAN

CAN

CAF frape fò : sanksyon yo tonbe, tout moun jwenn

imaj atik la

29 janvye 2026   Steve Pierre   1191

Konfederasyon Afriken Foutbòl la (CAF) rann piblik sanksyon disiplinè yo aprè gwo dezòd ki te fèt pandan final Koup Afrik Nasyon 2025 la, ki te mete Mawòk fas ak Senegal. Aprè analiz rapò abit yo, komite disiplinè a pran desizyon ki montre klèman : ni Senegal, ni Mawòk pa pi wo pase règ yo.


Final la, ki te jwe sou tè Mawòk, te tounen yon match tansyon, konfizyon ak manke fèpley. Pandan jwèt la, te gen pwotestasyon kont abit la, kite teren, antre ilegal nan zòn VAR, itilizasyon lazè nan tribin yo, epi sitiyasyon ki te vin pi grav toujou ak sa anpil moun rele “afè sèvyèt la”, kote sèvyèt gadyen Senegal la te vin tounen yon zouti pou destabilizasyon.

Tout zak sa yo te sal imaj foutbòl afriken an, sa te vin pouse CAF pran responsabilite li pou retabli disiplin ak respè nan konpetisyon an.

Sou bò Senegal, Federasyon Senegalèz Foutbòl la (FSF) pran gwo kou.

CAF deside sispann seleksyonè nasyonal la, Pape Bouna Thiaw, pou senk (5) match ofisyèl CAF, pou konpòtman ki pa kadre ak jwèt la, vyolasyon prensip fèpley, epi atak kont imaj foutbòl la. Anplis, yo mete sou li yon amann 100 000 dola ameriken.

Sou plan espòtif la, de (2) jwè senegalè sanksyone tou, Iliman Cheikh Baroy Ndiaye, 2 match sispansyon CAF ak Ismaïla Sarr 2 match sispansyon tou. Tou de (2) jwè yo pini pou move konpòtman kont abit la. Kolektivman, FSF oblije peye 300 000 USD pou move konpòtman sipòtè li yo, 300 000 USD anplis pou zak jwè yo ak estaf teknik la. 15 000 USD pou fot disiplinè ekip la (5 jwè te pran katon jòn).

Sou bò Mawòk, Federasyon Wayal Foutbòl la (FRMF) pran sanksyon li tou. Achraf Hakimi sispann pou 2 match, Ismaël Saibari pran 3 match sispansyon ak yon amann 100 000 USD, pou konpòtman antisportif.


Anplis sa, FRMF kondane pou 200 000 USD poutèt move konpòtman moun k ap ramase boul yo, 100 000 USD poutèt jwè ak estaf ki te antre nan zòn VAR, anpeche abit la travay. 15 000 USD poutèt itilizasyon lazè pa sipòtè yo pandan match la.

CAF anonse li rejte reklamasyon FRMF la, ki t ap akize FSF pou vyolasyon règ 82 ak 84 CAN lan. Aprè analiz, jiri disiplinè a pa jwenn okenn baz solid pou bay reklamasyon sa a swit.

Avèk sanksyon sa yo, CAF voye yon mesaj klè :
respè pou abit yo obligatwa,
fair-play pa negosyab, federasyon yo responsab pou jwè, estaf ak sipòtè yo.

Lè sa byen fèt, fòk nou di sa. Desizyon CAF yo parèt balanse, jis, epi nesesè pou pwoteje kredibilite foutbòl afriken an epi evite menm derapaj sa yo nan lavni.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou