Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Depi konpetisyon Koup Afrik pou Nasyon yo (CAN) 2025 lan lanse a, gen yon imaj ki pa sispann fè pale nan estad yo ak sou rezo sosyal yo. Abiye ak kostim, kravat ble, figi l sere, bra l leve, anpil moun te pran mesye sa a pou yon estati oswa yon reprezantasyon Patrice Lumumba, gwo pèsonaj istorik Repiblik Demokratik Kongo (RDC). Men verite a diferan anpil.
Mesye a, anpil moun rive idantifye sou non Michel Kuka Mboladinga, se yon senp sipòtè ekip nasyonal kongolè a. Li pa yon estati, li pa aktè, ni li pa yon dekorasyon ofisyèl nan estad la. Se fason li soutni Léopards yo ki fè li vin tèlman popilè.
Sa ki fè sipòtè sa a vrèman espesyal, se konpòtman li nan graden yo. Depi kout siflè kòmansman match la, li rete kanpe, li pa bouje ditou pandan tout 90 minit yo. Li pa bat bravo, li pa selebre gòl, li pa fè okenn jès, kèlkeswa sa k ap pase sou teren an. Li sèlman chanje pozisyon l lè abit la bay kout siflè final la, lè match la fini nèt.
Atitid sa a, ki ra anpil nan yon stad foutbòl, bay enpresyon yon “estati vivan”, sa ki lakoz anpil konfizyon sou entènèt la.
Kontrèman ak rimè ki te sikile sou rezo sosyal yo, sipòtè sa a byen prezan nan CAN 2025 lan k ap dewoule Mawòk. Plizyè kamera te filme l pandan diferan match seleksyon RDC a, toujou ak menm rit li, menm pozisyon, menm disiplin.
Plizyè medya entènasyonal, pami yo AJ+ france, te oblije vin fè klarifikasyon pou demanti fo enfòmasyon ki t ap sikile, epi konfime se yon moun reyèl, yon sipòtè foutbòl ki gen pwòp fason pa l pou montre lanmou li pou ekip li ak peyi l, epitou rann yon gwo omaj ak potorik gason sa ki se Patrice Lumumba.
Nan yon anbyans estad kote bri, dans ak animasyon toujou ap domine, prezans mesye sa a frape je tout moun. Elegans li, kalm li ak pa janm bouje pandan tout match la fè li vin youn nan figi ki pi remakab nan CAN 2025 la.
Plis pase yon senp “buzz”, istwa sa a montre jan foutbòl afriken an chaje ak senbòl epi emosyon. Michel Kuka Mboladinga vini san li pa t chèche sa, yon senbòl pasyon an silans ak disiplin pèp kongolè a, ki pwouve soutni yon ekip pa toujou bezwen bri, men pafwa senpleman prezans.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou