Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Prezidan konfederasyon afrikèn lan Patrice Motsepe konfime Koup Nasyon Afrikèn yo pra l gen pou fèt chak 4 lane epi yo ap tou kreye yon Ligue des Nations Africaine tankou sa ye nan tout lòt konfederasyon foutbòl nan mond lan
Koup Nasyon Afrikèn lan ap demare demen dimanch 21 desanm 2025 lan nan peyi Mawòk.
Nan yon konferans pou laprès, prezidan konfederasyon afrikèn lan Patrice Motsepe anonse yo pral fè yon gwo chanjman nan konpetisyon afrikèn yo.
CAN lan ki te konn òganize chak 2 lane pral òganize chak 4 lane apati lane 2028. Nan lane 2029 ki ap vini la tou prezidan an anonse yo pral kreye yon Ligue des Nations tou ki ap fèt menm jan ak pa ewòp la.
Yo ap gen pou jwe l chak fenèt FIFA. Se pral yon nouvo souf pou foutbòl afriken an sitou pou jwè afriken ki ap jwe nan kontinan ewòp la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou