CAFCANCAFChampionsLeagueLòt
AKÈY CAF CAN

CAN

Yon peyi nan CAN lan kalifye pou 8èmfinal san yon grenn jwè l pa make gòl

imaj atik la

31 desanm 2025   Benswilkenson Jean   1023

Faz gwoup CAN 2025 lan fini, youn nan pi gwo sipriz yo se Soudan ki kalifye san yon jwè l pa make okenn gòl nan faz gwoup la.


Soudan te twouve l nan gwoup E a, li te gen kòm vwazen Boukinafaso, Gine Ekwatoryal ak Aljeri. Nan gwoup sa a Soudan fini 3èm ak 3 pwen nan do Aljeri ak Boukinafaso.

Nan 3 match li jwe yo, Souda fè yon viktwa epi li pèdi 2 lòt yo. Grenn viktwa yo fè a se kont Gine Ekwatoryal (1-0) gras ak yon otogòl. Aprèsa 2 lòt defèt yo se 2-0 kont Boukinafaso epi 3-0 kont Aljeri.

Soudan vini premye ekip nan tout listwa Koup Nasyon Afrik yo ki kalifye pou 8èmfinal san li pa make yon grenn gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou