CAFCANCAFChampionsLeagueLòt
AKÈY CAF Lòt

Lòt

Yon jèn gadyen senegalè mouri anba men yon gwoup fo ajan rekritman

imaj atik la

19 Oktòb 2025   Jacky Chéry   831

Cheikh Touré, se non jèn gadyen senegalè sa ki pèdi lavi l nan peyi Gana aprè yon gwoup moun ki fè tèt yo pase pou ajan rekritman ta pral kidnape l. Otorite ganeyen yo dekouvri kadav lan vandredi ki sot pase an.


Nan yon kominike ofisyèl, Ministè afè etranjè senegalè an anonse lanmò jèn gadyen Cheikh Touré ki te twouve l nan peyi Gana nan lide pou ta kapab travèse Mawòk pou al fè staj.

Yon demach ki brize, gwoup eskwo sa ta pral kidnape l epi touye l aprè. Minis afè etranjè senegalè an konfime enfòmasyon sa epi anonse gen ankèt k ap rapouswiv pou kapab jwenn nan ki sikonstans egzakteman jèn jwè sa pèdi lavi li an.

Daprè plizyè medya lokal, Cheikh Touré t ap evolye nan akademi Esprit Foot ki nan yon pwovens nan kapital peyi Gana e te espere al fè yon seri staj nan peyi Mawòk. Gwoup sa ki fè tèt yo pase pou ajan rekritman an te kidnape l epi mande fanmi jwè an gwo lajan pou liberasyon l.

Aprè dram sa, minis espò senegalè an lanse yon mesaj bay fanmi foutbòl lan nan peyi yo an ak paran yo pou mande yo fè plis efò fas opòtinite ki pa verifye k ap sòti tribòbabò pou staj ak transfè atlèt pou al evolye nan peyi etranje.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou