ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Mariano Díaz tounen nan Liga a ak Deportivo Alavés

imaj atik la

13 dawout 2025   Steve Pierre   625

Aprè plis pase yon ane san okenn ekip, Mariano Díaz (32 lane) finalman jwenn yon nouvo kay. Atakan zn ki fèt nan Premià de Mar nan peyi Lespay, ki gen rasin nan Repiblik Dominikèn, siyen yon kontra de (2) lane ak Deportivo Alavés. Kontra a ap dire jiska mwa jen 2027.


Depi mitan mwa Jiyè 2025, Mariano te prezante tèt li nan sant antrènnman Alavés san okenn kontra. Objektif li te klè : rete anfòm epi jwenn yon chans pou retounen nan foutbòl wo nivo a. Enèji li, batay li sou teren an ak disiplin li te byen vit atire atansyon antrenè a, Eduardo “Chacho” Coudet.

Nan match amikal yo, Mariano pa t pèdi tan pou l fè diferans lan, aprè li te fin sòti sou ban. Li make yon double kont Castellón epi li montre li toujou gen vitès ak fòs ki te fè repitasyon li an. Sa te pouse dirijan yo ofri l yon kontra ofisyèl pou de lane. Pou presezon an li gentan jwe 5 match ak nouvo ekip li a.

Pandan prezantasyon ofisyèl li, Mariano te pale ak anpil detèminasyon : "Mwen vle fè moun rekonèt mwen, fè yon gwo sezon epi ede ekip la nan tout sa m kapab pote." Li te souliye tou jan li te travay di pandan tout peryòd li te san klèb.

Fòme nan Real Madrid, Mariano ranmase anpil tit : twa Liga, de Lig Chanpyon, yon Copa del Rey, de Sipèkoup ak de Mondyal pou Klèb yo. Li te gen yon bon pasaj nan Lyon (2017–2018), li te jwe tou nan Séville FC (2023–2024). Kounye a, avèk Alavés, objektif li se fè non li tounen fò nan Liga a epi bay eksperyans li nan yon ekip ki bezwen ranfò.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )