Real Madrid jwe jodi vandredi 8 dawout lan kont Leganes yon amikal an kachèt.
Merengue yo ki ap prepare nouvo sezon yo a, jwe premye match amikal yo an san piblik la pat gen dwa la kont ekip Leganes la.
Pou match sa a, selon jounal espanyòl Marca, Xabi Alonso te kanpe ekip la nan yon sistèm 4-3-3. Jwè ki te titilè yo se : Courtois (gadyen), Huijsen ak Asencio (defansè santral), Carreras ak Carvajal (defansè lateral), Ceballos,Valverde,Brahim Diaz (mitan tèren), Mbappé,Gonzalo ak Vinicius (atakan).
Vinicius te jwe kòm elye dwat epi Mbappé te elye goch.
Match sa fini 4-1 nan avantaj ekip madrilèn lan. Moun ki make yo se Brahim Diaz, Huijsen, Eder Militão, T-Pitarch.
Selon enfo yo, tout jwè yo te jwe, sèl Bellingham, Endrick, Mendy ki pat jwe akoz yo te absan pou rezon medikal.
Xabi Alonso te fè Alaba jwe nan mitan tèren an nan dezyèm mitan an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou